Accessibility links

Breaking News

13 Sòlda Afrik di Sid Mouri nan Yon Konfli ak Rebèl Afrik Santral la


Central African Republic soldiers brandish their weapons as they follow President Francois Bozize's convoy heading for the airport in Bangui for peace talks in Gabon January 10, 2013.
Central African Republic soldiers brandish their weapons as they follow President Francois Bozize's convoy heading for the airport in Bangui for peace talks in Gabon January 10, 2013.
Afrik di sid di 13 pami sòlda li yo mouri e 27 lòt blese nan batay avèk rebèl yo nan kapital Afrik Santral la, Bangui.

Prezidan Jacob Zuma di youn nan sòlda yo toujou pa reponn a lapèl aprè lese-frape ki te komanse samdi nan Bangui.

Rebèl Seleka yo te pran kontwòl vil la dimanch 24 mas la sa ki te fòse prezidan Francois Bozzize pran la fwit. Msye Zuma di Afrik di Sid rejte nenpòt tantativ pou sezi pouvwa a pa lafòs e lanmò sòlda yo pa pral fè peyi a pa travay pou l anpeche dechoukaj gouvènman eli an.

Afrik di sid voye 200 sòlda pou ede lame Repiblik Afrik santral la.
XS
SM
MD
LG