Accessibility links

Breaking News

Menas Kore di Nò kont Lèzetazini


Kore di Nò lanse avètisman pou l di li kapab atake baz militè Lèzetazini genyen sou zile Guam e nan peyi Japon kòm reyaksyon aprè lame amerikèn te itilize bonm nan egzèsis li sòt fè ak Kore di Sid.

Daprè yon pòtpawòl kòmandman lame Kore di Nò deklare jedi 21 mas 2013 la, menase sa a konsène yon baz ayeryen ki nan Guam ak baz naval ki sou pi gwo il ki fòme Japon ak zile Okinawa.

Lèzetazini te òganize 2 misyon antrènman nan Kore di Sud nan mwa fevriye pase a –misyon kote lame amerikèn te itilize avyon bonbadye B-52 nan yon demonstrasyon fòs ki te provoke yon repons chaje ak pawòl piman bouk bò kote Kore di Nò.

Yon jou anvan misyon sa yo te kòmanse, gouvènman nò-koreyen an te menase pou l lanse yon kontratak militè djanm si vòl avyon B-52 yo te kontinye.
XS
SM
MD
LG