Nan Kore di Sid, otorite yo rapòte yon atak sou entènèt la paralize rezo enfòmatik plizyè gwo bank ak estasyon radyo ak televizyon; daprè yo, atak sa a soti nan peyi Lahin.
Komisyon kominikasyon Kore di Sid la --ki abòde kesyon an jedi 21 mas 2013 la-- fè konnen yon ankèt ki te fèt anvan atak la, te montre moun ki itilize yon adrès nan peyi Lachin, te kreye yon kòd legalman pou yo voye viris nan lojisyèl youn nan bank ki afekte yo.
Men komisyon an ensiste pou l di sa pa ka sifi pou di avèk asirans ki moun ki dèyè atak sa a ; e, daprè menm biwo-a, atak la kapab sòti nan yon lòt peyi, menmsi « hackers » yo fè yon jan pou moun konprann peyi responsab la se Lachin.
Pòtpawòl ministè defans Kore di Sid la, Kim Min-seok, di li kwè agresyon an sòti nan Kore di Nò, yon peyi ki, nan le pase, te lanse atak entènèt sou Sewoul pandan li te itilize yon adrès nan Lachin.