Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon nan l’ONU sou Kontwòl Vant Zam nan Lemond


Byen bonè lendi 18 mas 2013 la, negosyasyon rekòmanse nan katye jeneral l’ONU an, nan New York, kote patisipan yo ap eseye jwenn yon trete istorik sou kontwòl komès zam nan lemond, yon komès k ap woule sou plizyè milya dola. Premye negosyasyon ki te fèt sou kesyon an nan mwa jiyè 2012 la, te debouche sou yon enpas aprè 3 peyi (Lèzetazini, Larisi ak Lachin) te mande plis tan pou yo tabli pozisyon yo sou dosye a.

Daprè pozisyon peyi ki apiye plis kontwòl sou lavant zam nan lemond, yon trete nesesè pou anpeche yon bann ak yon pakèt zam ale san kontwòl e ilegalman nan zòn ki deja gen konfli yo, --yon bagay ki, daprè peyi sa a, kapab pwovoke plis lagè ak zak atwosite.

Vandredi pase a, Lèzetazini --peyi ki pwodui plis zam nan lemond la- te leve lavwa pou l di li opoze totalman ak nenpòt ki trete k ap mete limit sou minisyon zam; paske, daprè Washington, travay pou kontwole lavant munisyon se yon gwo fado sou plan finansye ak administratif.

An tou ka, sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, lanse apèl pou l mande yon trete ki konsène lavant minisyon tou. Lèzetazini deja fè konnen li pap aksepte siyen okenn dokiman ki kont 2èm amandman konstitisyon amerikèn nan ki bay tout sitwayen dwa pou yo pote zam.

Sekretè deta ameriken an, John Kerry, pale pou l di peyi li apiye lide pou patisipan yo rive jwenn yon trete solid e djanm sou lavant zam nan lemond; sepandan Lèzetazini dispoze siyen yon trete ki abòde kesyon transfè entènasyonal zam konvansyonèl yo, e non pa yon dokiman sou “komès zam moun itilize lakay yo ou byen komès zam nan peyi kote zam sa yo fèt la”, ni yon dokiman ki konsènen ekspòtatè zam ameriken yo.
XS
SM
MD
LG