Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vizit Prezidan Obama nan Mwayen Oryan an


Anvan prezidan Barack Obama kite Washington pou l al fè yon toune nan rejyon Mwayen-Oryan an, li renouvle fèm dispozisyon l pou anpeche Iran fabrike zam nikleyè. Prezidan Obama ak kèk lòt ofisyèl ameriken pale sou objektif vwayaj prezidan an pral fè semèn kap vini la a nan peyi Izrael, nan Si-Jòdani ak Jòdani.

Sa pa gen lontan Premye minis izreyalyen an, Benjamin Netanyahu, te di Iran pa lwen depase yon liy wouj Izraèl trase kòm yon kwa Iran pa ta dwe pile; sinon Izrayèl dispoze pase alaksyon pou l anpeche Teheran posede zam nikleyè.
XS
SM
MD
LG