Nouvèl ki sòti Vatikan fè konnen Pap François kontinye yon semèn byen chaje ak yon rankont li fè, vandredi 15 mas la nan Chapèl Sikstin nan, avèk pèsonalite ki te vote pou li tounen nouvo chèf Legliz katolik la, an palan de kadinal yo. Pap François di :
« Mwen santi nesesite pou m eksprime gwo rekonesans pèsonèl mwen anvè nou tout, chè frè kadinal mwen yo, pou kolaborasyon nou te pote bay Legliz la nan yon peryòd kote pat genyen yon pap; e se ak bon jan chalè nan kè mwen map resevwa nou isit la. »
Nan rès mesaj Souvren Pontif la mete devan kadinal yo, li lanse apèl ba yo pou l mande yo rete fidèl anvè Levanjil la epi evite tonbe anba tantasyon modèn yo.
Enstalasyon Pap François kòm nouvo chèf legliz katolik la pral fèt nan dat madi 19 mas kap vini an, nan yon seremoni ki pral dewoule an prezans anpil delegasyon diyitè entènasyonal –san bliye Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, ki se yon katolik. Pap François ranplase Benoit XVI ki se yon pap emerit kounye a.