Accessibility links

Breaking News

Egzèsis Militè Tanmen nan Kore di Sid


Fòs zame Lèzetazini ak Kore di Sid tanmen yon seri de egzèsis yo fè chak ane –egzesis yo batize ane sa a «Detèminasyon Dyanm”, malgre menas Kore di Nò lanse pou l di l ap mete fen nan armistis la, sètadi seselfe ki te mete fen nan Lagè Kore a.

Se konsa tou, Kore di Nò fè menas pou l lanse yon atak nikleyè sou Lèzetazini, menmsi analis yo panse Pyongyang pa an mezi pou l mete yon menas konsa an egzekisyon.

Kòm yon reyaksyon imedyat aprè egzèsis yo te kòmanse, Kore di Nò lanse menas pou l koupe yon lign kominikasyon dirèk e dijans ak Kore di Sid.

Vrèman vre, gouvènman sid koreyen an fè 2 apèl pou l tcheke lign telefòn nan maten an; e Kore di Nò pa bay okenn repons.
XS
SM
MD
LG