Nan peyi Larisi , dansè Pavel Dmitrichenko ki fè pati balè Bolschoi la ki gen anpil renome di li te fè aranjman pou atak ki te fèt nan mwa janvye a sou direktè atistik konpayi an, men li pat mande pou yo te simen asid sou viktim nan. 3 sispèk konparèt nan tribinal jedi 7 mas sa a.
Mesye Dmitrichenko ak 2 lot konplis te prezan nan yon odyans kote yap chèche liberasyon sou kosyon. La polis di Dmitrichenko te peye swadizan konplis li yo Yari Zarutsky apeprè mil 600 dola pou l lanse atak mwa janvye a sou direktè balè a Sergei Filin.
Yon atak ki kite Filin ak gwo boule nan figi l ak nan zye l. Sispèk la ki anba akizasyon dèske li te sove nan yon machin di la polis li pat o kouran konplo atak la anvan li rive a.