Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Menase Lèzetazini ak yon Atak Nikleyè


Gouvènman nò-koreyen an menase pou l lanse yon atak nikleyè sou Lèzetazini pa mezi de prekosyon, nan moman Konsèy Sekirite l’ONU an ap prepare l pou l adopte kèk sanksyon byen sevè kòm reyaksyon aprè Pyongyang te reyalize yon tès nikleyè sa pa gen lontan.

Nan yon deklarasyon ministè afè etranjè nò-koreyen an fè parèt jedi 7 mas 2013 la, li fè konnen: “Kore di Nò sòti pou l egzèse dwa li genyen pou l lanse yon atak nikleyè sou katye jeneral nenpòt peyi kap agrese li.”

Deklarasyon an ajoute: "Aksyon sa a nesesè paske Lèzetazini pare pou l lanse yon lagè nikleyè. "
XS
SM
MD
LG