Accessibility links

Breaking News

Gwo Posiblite pou Kore-di-Sid ak Kore-di-Nò Antre nan yon Afwontman Militè


Ministè defans Kore-di-Sid la pwomèt yon repons djanm e rapid si Kore-di-Nò egzekite menas li fè pou l kraze yon amnisti ki la depi 60 tan.

Jeneral sid-koreyen Kim Yong hyun –ki tap pale sou dosye a mèkredi 6 mas sa a—fè konnen Seoul pare pou l atake ni sous agresyon an, ni eleman kap kòmande a, si Kore-di-Nò itilize fòs militè.

Madi 5 mas la, yon gwo otorite militè nò-koreyen te di Pyongyang pral sispann respekte, --apati de semèn pwochèn nan -- seselfe 1953 ki te mete fen nan Lagè Kore a.

Kòm eksplikasyon, otorite sa a te site sa li konsidere kòm yon tandans Lèzetazini genyen pou l pran sanksyon e li te pale tou de egzèsis militè ki abitye dewoule ant Seoul ak Washington.
XS
SM
MD
LG