Nasyonzini fè konnen kantite siryen ki kite peyi yo akoz 2 zan konfli a monte rive yon milyon alòske plizyè milyon deplase al viv lòt kote anndan peyi a menm.
Ajans Nasyonzini pou Refijye pibliye dènye chif yo mèkredi 6 mas la e direktè ajans la, Antonio Guterres, deklare: " San di pètèt, Siri ap vanse nan direksyon yon gwo dezas.”
Pi fò refijye yo ale nan peyi Liban, Jòdani, Tiki, Irak ak Ejip kote gouvènman peyi sa yo ap redi pou yo satisfè bezwen refijye yo.
Pòtpawòl ajans Nasyonzini pou Refijye a, Sybella Wilkes, di Lavwadlamerik anpil nan refijye siryen yo rive nan peyi vwazen yo 2 bra balan, e divès vòl avyon yo ap rive ak yon rapidite otorite yo pat prevwa