Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Kontinye Met Presyon Sou Iran Akoz Pwogram Nikleyè li la


Responsab Ajans nikleyè Nasyonzini an Yukiya Amano ap mete presyon sou Iran poutèt soupson li genyen sou devlopman pwogram nikleyè li a.

Li mande Teheran pou l kite enspektè ajans la vizite yon sit militè enpòtan nan peyi a. Pandan mesye Amano t ap pale nan reyinyon komite gouvènè 35 peyi ki fè pati Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la, li di san kowoperasyon Iran, ajans la pap kapab vrèman verifye ke aktivite nikleyè Teheran yo pa gen objektif militè.

Sekretè Deta ameriken an John Kerry deklare nan Arabi Saoudit, ajans la fèt pou abòde negosyasyon yo avèk yon sans ki gen ijans ladann.
XS
SM
MD
LG