Accessibility links

Breaking News

Mali: Batay Fewòs Kontinye ap Dewoule nan Mòn yo


La Frans di batay fewòs kontinye nan mòn yo nan nò Mali, nan kad operasyon pou dechouke militan islamis yo nan baz ki rete anba men yo.

Minis defans fransè a, Jean Yves Le Drian di madi 26 fevriye a , batay k ap fèt nan rejyon Ifoghas, tou prè fwontyè Aljeri a, vize yon zòn kote gen pifò gwoup teroris radikal yo.

Sòlda fransè yo te antre nan Mali nan mwa Janvye pou yo repouse militan yo ki t ap vanse nan direksyon kapital la , e depi lè sa a sòlda afriken yo jwen avek yo pou apiye sòlda Mali yo.

Minis Le Drian presize, operasyon sa a te repran kontwòl tou zòn nò Mali yo rapidman, men yo yo poko rive mete men sou pòsyon ki pi difisil yo .

Responsab fransè a souliye defi yo se pou fouye tout rejyon an pou chache dechouke militan ki rete yo.
XS
SM
MD
LG