Accessibility links

Breaking News

Boko Haram Demanti Li dèyè Kidanaping Yon Fanmi Franse Nan Kameroun


Logo Gwoup islamis nijeryan Boko Haram
Logo Gwoup islamis nijeryan Boko Haram
Yon sèkt nan gwoup militan islamis Boko Haram nan Nijerya demanti tout patisipasyon li nan anlèvman yon fanmi franse ki genyen 7 manm nan peyi Kameroun ki gen fwontyè ak Nijerya.

Cheik Abu Mohammad Iben Abdulazeez di jounalis yo samdi "gwoup militan islamik la tande nouvèl ki vle fè konprann kòmkwa li mele nan kidnapin madi pase a. Misye Abdulazeez deklare anketè yo ta dwe chèche pito lòt kote paske se tan yo ya’p pèdi si yo kontinye kwè gwoup li a mele nan anlèvman an.

Madi nèg ak zam abò motosiklèt te kidnape yon koup ansanm ak 4 pitit yo, plis yon nonk timoun yo pandan yo tap pase vakans nan nò peyi Kameroun, toupre fwontyè peyi sa a pataje ak Nijerya a.

Anketè yo panse kidnapè yo pati ak fanmi an nan Nijerya.

Okenn gwoup pa revandike responsabilite dap-piyanp lan. Sepandan minis defans Lafrans la, Jean-Yves Le Drian, di li kwè Boko Haram responsab zak la.
.
XS
SM
MD
LG