WASHINGTON, DC —
Prensipal gwoup opozisyon Siri a, Konsèy Nasyonal Koalisyon an, deside retire kò l nan kèk reinyon entènasyonal pou pwoteste kont sa li rele "inaksyon san wont" lemond devan krim kap fèt kont pèp siryen an.
Konsèy la di li deside pa patisipe nan pwochen rankont peyi zanmi Siri yo ap fè nan vil Rome semèn kap vini an e li refize tou envitasyon li resevwa pou l al fè chita-koze nan Moskou ak nan Washington sou lagè sivil kap ravaje Siri depi preske 2 zan kounye a.
Nan yon kominike Koalisyon an pibliye, li kritike sa li rele «silans entènasyonal kap plannen sou krim kap fèt tou le jou nan Siri yo". Li di silans sa a « se kòmkidire kominote entènasyonal la ap patisipe nan 2 zan asasinay kap fèt nan peyi li a".