Accessibility links

Breaking News

Siri: Eksplozyon Yon Machin Pyeje Touye Omwen 31 Moun


Nan Siri, militan yo fè konnen yon machin pyeje touye omwen 31 moun tou prè katye jeneral pati Baas ki sou pouvwa a.

Obsèvatwa siryen pou dwazimen ki gen baz li nan la Grand’Bretay di jedi 21 fevriye, pifò moun ki mouri yo se sivil. Medya leta yo kalifye eksplozyon sa a kòm yon zak teroris ki frappe yon zòn ki chaje ak moun nan katye al-Mazraa.

Eksplozyon sa a fèt yon jou apre militan siryen te di rebèl yo desann yon avyon-de-gè tou prè Damas yon ti tan aprè yon atak ayeryen ki te touye 20 moun pou pi piti nan menm zòn nan.
XS
SM
MD
LG