Accessibility links

Breaking News

Lachin Sanble Apiye yon Seri Atak kont Lèzetazini sou Entènèt la


Yon gwoup “veye-yo” ki travay sou sekirite entènèt la e ki baze Ozetazini, akize Lachin deske li mele nan yon kanpay byen monte pou l lanse atak sou entènèt la kont biznis ameriken, gouvènman Lèzetazini an avèk enstalasyon ou batiman ameriken ki gen anpil enpotans.

Gwoup la -ki gen non anglè « Mandiant”- pibliye, madi 19 fevriye 2013 la, yon rapò 60 paj kote li bay detay sou plizyè douzèn atak yon gwoup “hakers” ki baze nan Lachin e ki jwenn apui dirèk gouvènman chinwa a pou l lanse yon kanpay espyonaj manch-long e djanm kont entètè Lèzetazini.

Daprè “Mandiant” toujou, depi ane 2006, gwoup ki baze nan Lachin nan e ke li deziye tou senpleman sou non abreje « APT-1 », rive vòlè yon bann ak yon pakèt done nan men anviwon 150 òganizasyon --pi fò nan yo se òganizasyon ki gen katye jeneral yo Ozetazini.

Gwoup “veye-yo” a pa idantifye òganizasyon sa yo; sepandan, li fè konnen pami yo genyen 20 gwo gwoup endistriyèl, sòti nan endistri kap travay nan domèn teknoloji enfòmasyon, pou rive nan domèn sèvis finansye.

Wendell Minnick se yon espesyalis ki fè analiz sou sekirite nan rejyon azyatik la. Li pale ak Lavwadlamerik pou l di rapò a pa etone li ditou; o kontrè, daprè li, pa gen anyen ki ankouraje Lachin pou l anpeche moun sèvi ak tèritwa li pou yo lanse aktivite espyonaj sou entènèt la. Misye Minnick di:

“Chinwa yo pa gen okenn rezon pou yo konpòte yo kòmsadwa. Se yon peyi ki grangou pou enfòmasyon, tout kalte enfòmasyon; e yo vle ranpòte laviktwa. Se yon peyi ki vle domine”

Gwoup “veye yo” Mandiant, ki pibliye rapò sou atak sou entènèt la, fini pa di li rive remonte filyè aktivite espyonaj yo pou l lokalize gwoup « kaker yo » nan yon katye ki nan pwovens Shaghai, nan Lachin. Yo gen biwo yo tou pre katye jeneral sèvis sekrè Lame Liberasyon Popilè Lachin nan.
XS
SM
MD
LG