Accessibility links

Breaking News

Brezil : Plis pase 230 moun Peri nan yon Dife ki Eklate nan yon Diskotèk


Nan peyi Brezil, otorite yo rapòte 232 moun pou pi piti mouri e plis pase 100 lòt blese aprè yon dife te ravaje yon bwat-de-nui nan vil Santa Maria nan sid peyi a.

Otorite yo di, dife sa a te eklate byen bonè yè dimanch 27 Janvye a “Club Kiss”. Daprè nouvèl yo, plizyè viktim mouri swa toufe swa yo te mache sou yo pandan moun yo te panike kote youn t ap pouse youn lòt pou yo eseye kite bilding nan.

Kantite moun ki mouri yo ka ogmante nan moman responsab dijans-yo kontinye ap konte kadav.

Prezidan Brezilyen an, Dilma Roussef te oblije rakousi yon vizit li tap fè nan peyi Chili byen kote l antre O Brezil bonè yè dimanch.

Gouvènè Rio Grande Do Sul la, Tarso Genro, di nan yon mesaj li voye sou kont Twitter li a ke yo pran tout mezu nesesè.
XS
SM
MD
LG