Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Prezidan Mohamed Morsi Dekrete yon eta Dijans 30 jou nan 3 Pwovens


Ann Ejipt, Mohamed Morsi dekrete yon 30 jou eta dijans nan 3 pwovens ki nan kè mouvman anti-gouvènmatal ki lakoz 50 moun mouri nan jou k sot pase la a.

Prezidan Morsi pran lapawòl yè swa sou televizyon leta a kote li pran yon pakèt desizyon pou fè fas ak mouvman vyolans kap sakaje peyi-a kote moun kontinye ap mouri .
Prezidan Morsi deklare : « Apre mwen finn li konstitisyon, mwen pran desizyon m. Premyèman , mwen dekrete yon eta dijans 30 jou nan Port Said, Ismailia ak Suez. Kouvre fe sa a ap kòmanse lendi 28 janvye a a minui . Dezyèman , kouvre-fe fe a ap kòmanse a 9 vè pou l fini a 6 zè dimanten pandan eta dijans la."

Prezidan te tou pwofite pou lanse apèl pou yon dyalòg nasyonal pandan l ap envite gwoup ak polisyen nan opozisyon an pou vinn fè chita-tande Jodi lendi 28 janvye a. Apre diskou prezidan an , manifestan yo te rasanble nan Ismailia ak Suez pou yon lot mouvman kont prezidan Morsi.

Nan Ismailia, manifestan te antre nan lese-frape ak lapolis ki li menm te reponn ak gaz lakrimojèn.

Responsab medikal yo fè konnen emeut mòtèl ki te eklate dimanch27 janvye a nan vil Port Said ki nan nò peyi a pou yon dezyèm jounen youn dèyè lòt , te lakoz lanmò 3 moun e gen 400 lòt pou pi piti ki blese.

Vyolans dimanch la te kòmanse lè plizyè milye rezidan nan Port Said te fè yon lantèman pou omwen 33 moun ki te pèdi la vi yo yon jou anvan nan batay ki te dewoule nan lari ant manifestan anti-gouvenmantal yo ak la polis.
XS
SM
MD
LG