Nasyon Zini ouvè yon ankèt sou itilizasyon avyon telegide ki mennen atak e touye moun nan kad operasyon anti-teworis.
Ankèt la pral dewoule sou 25 atak ki fèt nan peyi Pakistan, Yemen, Somali , Afganistan ak sou teritwa palestinyen an. Envestigasyon sa a ap santre tou sou sivil ki mouri oubyen blese akoz atak sa yo.
Avoka britanik Ben Emerson ki se yon anvwaye spesyal Nasyon Zini pou kesyon anti-teworism ak dwa zimen pral nan tèt ankèt la .
Mèt Emerson di teknoloji avyon tele gide a « pap fè yon pa kita yon pa nago » , li vle di teknoloji sa a pap disparèt. Men li tou pwofite ajoute, li enpòtan pou gen an ijans yon strikti legal e apwopriye pou reglemante itilizasyon n .