Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite l’ONU Egzije Plis Sanksyon kont Kore di Nò


Konsèy Sekirite Nasyon Zini an adopte yon rezolisyon ki pase lòd pou òganizasyon an pran sanksyon ki pi sevè kont Kore di Nò poutèt peyi sa a te lanse yon fize nan mwa desanm pase a, yon desizyon ki pwovoke mekontantman nan Pyongyang, kapital Kore di Nò a, kote otorite yo menase pou yo lanse yon lòt fize.

Madi 22 Janvye 2013 la , tou lè 15 manm pèmanan konsèy la san wete youn vote pou yo kondane lansman fize a, paske, daprè yo, se yon tès balistik ki vyole sanksyon l’ONU ki deja egziste.

Se konsa tou konsèy la menase pou l pran aksyon ki pi dyanm toujou si Kore di Nò ta fè plis lansman oubyen plis tès.

Anbasadris Lèzetazini nan l’ONU an, Susan Rice, prezante rezolisyon an kòm “yon repons fèm, ini e apwopriye”.

Diplomat Etazini an ajoute:
“Rezolisyon sa a montre Kore di Nò se nou tout ansanm ki pare pou n fè l sibi konsekans grav aksyon li poze lè li vyole klèman obligasyon n yo, nan kad kèk rezolisyon ki deja ekziste yo”.

Se san pèdi tan Kore di Nò reponn pou l di li pap fè okenn lòt chita-tande sou fason pou l ta mete fen nan pwogram nikleyè li a ; e li fè sèman pou l ranfòse lasnal militè li ak kapasite nikleyè li.

Daprè anpil obsèvatè, lè Nò-Koreyen yo pale konsa, se yon menas yo lanse pou yo fè yon lòt tès nikleyè. Kore di Sid pa pèdi tan, non plis tou, pou l di menas sa a se yon pwovokasyon.
XS
SM
MD
LG