Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pap voye Sòlda Kore Entèvansyon Lafrans nan Peyi Mali


Minis defans ameriken an, Leon Panetta, di Lèzetazini pap voye twoup militè nan Mali pou apiye Lafrans nan entèvansyon li fè nan peyi afriken an.

Pandan mesye Panetta tap vizite vil Madrid, kapital peyi Lespay, li di Washington ap etidye posiblite pou l pote lòt kalite èd bay Lafrans nan konba lap mennen kont militan ki afilye ak al-Qaida nan Mali.

Msye Panetta deklare:
" Nap diskite nan Washington sou kèk nan demand nou resevwa, yon fason pou nou detèmine egzatteman ki asistans nou kapab ofri. Objektif nou se eseye fè tout sa n kapab pou n bay tout asistans ki nesesè pou nou ede fransè yo nan entèvansyon yo a… espesyalman nan domèn ki toujou an diskisyon yo. Daprè sa m panse, objektif fondamantal la se pou nou gen asirans ke al-Qaida pa janm kapab tabli yon baz pou li lanse operasyon nan Mali ou nenpòt ki lòt kote."

Minis defans Panetta te pale konsa ak laprès apre yon rankont ak tokay espayòl li a, Pedro Morenes ki, bò kote pa l, di Lafrans mande pèmisyon pou l itilize espas ayeryen espayòl la ---yon otorizasyon Madrid ba li.

Konsa, Pari lanse nouvo atak ayeryen sou pozisyon rebèl yo nan nò Mali e li voye plizyè santèn sòlda pran pozisyon nan zòn ki anba men yon alyans islamik depi ane pase a.
XS
SM
MD
LG