Accessibility links

Breaking News

Mali: Twoup Militè Fransè yo Mache Pran Vil Niomo


Nan vil Pari, otorite fransè yo anonse twoup militè yo voye nan Mali yo ap fè pwogrè nan operasyon yo lanse nan peyi sa a, kote yo mache pran vil Niomo, tou prè yon zòn ki te tonbe anba men rebèl islamis yo kap kontwole pati nò eta afriken sa a. Minis defans fransè a, Jean-Yves Le Drian, fè konnen batay kap dewoule nan Mali-a ”se pral yon batay long”, e twoup fransè yo ap kite rejyon kapital la, Bamako, pou yo mache sou zòn ki anba men rebèl yo.

Korespondan Lavwadlamerik nan rejyon an, Anne Look, konfime anons Misye Le Drian an ; li fè konnen li te wè yon konvwa machin blende travèse Bamako nan jounen madi 15 Janvye a pou yo pran direksyon nò Mali. Vandredi pase a, Lafrans te pran desizyon pou l voye sòlda nan Mali sou demand gouvènman pwovizwa peyi sa a. Depi jou sa a Pari pa sispann voye ekipman pou yon kontenjan militè ki genyen 2 mil 500 zòm.

Daprè gouvènman Prezidan Francois Hollande la, sòlda yo pral rete nan Mali jiskaske sitiyasyon an va vin stab. Nijerya gen pou voye yon afè de 190 sòlda nan Mali mèkredi 16 Janvye a kòm premye pati yon fòs 3 mil 300 zòm divès eta wès-afriken ki prale nan peyi a avèk otorizasyon Òganizasyon Nasyon Zini, pou ede gouvènman malyen an konbat militan islamis yo.
XS
SM
MD
LG