Accessibility links

Breaking News

Lend Pwomèt Yon Repons Kif-Kif pou Atak Lame Pakistanèz Lanse sou Militè Endyen


Indian Army soldiers carry a coffin containing the body of a colleague who was allegedly killed by Pakistani soldiers, Rajouri, India, January 9, 2013.
Indian Army soldiers carry a coffin containing the body of a colleague who was allegedly killed by Pakistani soldiers, Rajouri, India, January 9, 2013.
Nan New Delhi, kapital Peyi Lend, minis afè atranjè a, Salman Khurshid, di li konsidere yon atak manm lame peyi Pakistan te lanse sou kèk sòlda endyen kòm yon “zak abominab” e li anonse Lend pral bay yon repons apwopriye pi ta nan jounen 9 janvye a.

Pandan chèf diplomasi endyèn nan t ap ale nan televizyon madi 8 janvye a, li anonse otorite gouvènman an ak dirijan lame peyi a pral travay ansanm pou yo deside ki aksyon yo pral pran.

Daprè Minis Khurshid toujou, ensidan an –kote sòlda pakistanè te touye 2 militè endyen tou prè fwontyè peyi a nan rejyon Kashmir la-- se yon zak ki innakseptab.
XS
SM
MD
LG