Accessibility links

Breaking News

Venezuela - Eleksyon pou Gouvènè: Gwo Viktwa Patizan Chavez yo


O Venezuela, alye Prezidan Hugo Chavez --k ap lite anba yon maladi kansè-- ranpòte yon viktwa lavalas nan eleksyon ki dewoule dimanch 16 desanm 2012 la pou chwazi gouvènè eta yo.

Konsèy elektoral venezuelyen an di pati ki sou pouvwa a ranpòte 20 sou 23 eta. Sepandan Henrique Capriles, kandida opozisyon an nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule tou lot jou la a e ki te pèdi devan misye Chavez, kapab kenbe pòs li kòm gouvènè Eta Miranda.

Avèk viktwa sa a, li byen plase pou l tounen kandida opozisyon an nan eleksyon
prezidansyèl ki kapab fèt si sante Prezidan Chavez fòse l kite pouvwa-a.

53 pou san elektè ki patisipe nan eleksyon dimanch, se yon chif ki ba lè w konpare li ak patisipasyon votan yo nan dènye eleksyon prezidansyèl la.

Prezidan Chavez --ki te re-eli nan mwa oktòb pase a-- di Vis-Prezidan Nicolas Maduro ap pran la relèv si li menm, Chavez, ta twouve l nan enkapasite pou l dirije peyi a, e li ankouraje patizan li yo pou yo vote pou Misye Maduro si yon lòt eleksyon gen pou dewoule.

Nan ka sa a, daprè kontitisyon Venezuela a, eleksyon ta de fèt nan 30 jou. Pa gen twòp detay medikal ki sòti sou kansè Misye Chavez la. Doktè te wete yon timè nan zòn pèlvis li e li te suiv tretman chimiyoterapi avèk radyasyon.

Prezidan Chavez pa janm di ki kalite kansè li genyen, ni nan ki degre maladi a deja rive sou li. Li gen pou l prete sèman pou yon lòt manda 6 zan nan dat 10 janvye 2013 la. Li te monte sou pouvwa a nan ane 1999.
XS
SM
MD
LG