Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Barack Obama nan Newtown, Sèn Youn an Pi Move Trajedi ki Frape yon Lekòl Ozetazini


Yon "memoryal" devan Lekòl Primè Sandy Hook nan vil Newtown, Eta Connecticut, kote asasina an seri yo te rive vandredi 14 desanm 2012 la.
Yon "memoryal" devan Lekòl Primè Sandy Hook nan vil Newtown, Eta Connecticut, kote asasina an seri yo te rive vandredi 14 desanm 2012 la.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, pral vizite vil Newtown, nan Eta Connecticut, nan yon efò pou l remonte moral yon vil ki sibi gwo chòk aprè yon nèg te touye anba koutzam-a-fe 20 ti elèv jaden danfan ak 6 pwofesè yon lekòl vandredi 14 desanm 2012 la.

Daprè otorite yo nan La Mezon Blanch, prezidan an pral rankontre ak fanmi viktim yo nan lokal lekòl la menm, swa lekòl primè Sandy Hook, epi li pral di sekouris yo (tankou polisye, ponpye ak ekip medikal yo) mèsi pou asistans yo te pote nan okazyon an. Misye Obama genyen plan tou pou l pan lapawòl nan yon seremoni souvni kap dewoule dimanch swa nan memwa viktim yo.

Lapolis Eta Connecticut fè konnen lis non viktim yo gen ladan n 12 ti fiyèt ak 8 ti gason ki te genyen 6 oubyen 7 tan e ki te nan klas preparatwa 1. 6 pwofesè ki mouri yo, yo tout sete fi. Prensipal medsen lejis Eta a, Doktè Wayne Carver, pale pou l di tout viktim yo te resevwa bal a boupòtan e atakan an te tire yo plizyè fwa –Misye te itilize yon fizi mak Bushmaster. Nouvèl ki te parèt anvan sa te fè konnen lapolis te jwenn 2 lòt zam semi-otomatik bò kote kadav atakan an, ki rele Adam Lanza e ki gen 20 tan; daprè kèk sous ofisyèl, misye touye tèt li aprè l te fin komèt krim an seri sa yo.

Responsab yo gen pou fè analiz medikal sou kadav atakan an dimanch 16 desanm nan; se konsa tou analiz pral fèt sou kadav manman atakan an ki te pèdi lavi l lakay li anba koutzam misye tou anvan atakan an te prezante nan lekòl la. Otorite ameriken yo poko rive detèmine rezon ki fè Adam Lanza komèt kalte krim sa yo ki fèt sou yon distans 120 kilomèt o-nòdès vil New York. Sepandan, daprè kèk ofisyèl ameriken laprès pa idantifye, sanble gen siyn ki ta ka pèmèt moun eksplike la rezon dèt zak sa yo. Nouvèl yo di atakan an te yon jenn moun trankil, li pat tèlman gen zanmi, men sete yon nonm briyan.

Daprè lapolis, kontrèman ak nouvèl ki te parèt anvan, se pat responsab lekòl la ki te kite atakan an antre nan lokal etablisman an; men yo pa bay detay sou fason li te rive penetre anndan an, paske, daprè otorite yo, ankèt la ap kontinye.

Pete Fedynsky, yon jounalis Lavwadlamerik ki te ale sou sèn krim yo, fè konnen reprezantan laprès divès peyi (tankou Japon, Lachin, Laswèd, elatriye) twouve yo sou plas pou yo fè repòtaj sou sa k pase a. Asasina an seri sa yo okipe 2èm plas pami move zak konsa ki rive sou tèritwa Lèzetazini pou kantite moun ki pèdi lavi yo. Ensidan sa yo fè gran tit nan jounal atravè tout kontinan ewopeyen an e anpil kote ann Azi.

Nan mesaj Prezidan Barack Obama mete chak wikenn devan pèp ameriken an, li deklare –nap site:

« Chak papa pitit, chak manman pitit Ozetazini genyen kè yo chaje ak lapenn….. e nou dwe pran bon jan dispozisyon, dispozisyon dyanm e solid, pou n anpeche plis trajedi konsa rive… »

Daprè la tradisyon, Pati Repibliken an toujou bay yon repons pou mesaj Prezidan ameriken an. Sepandan wikenn sa a dirijan pati a pran desizyon pou yo pa pale. Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Repibliken John Boehner, di –nap site tou :

« Lè peyi a ap fè fas ak yon gwo trajedi konsa, prezidan ameriken an pale pou nou tout. »
XS
SM
MD
LG