Accessibility links

Breaking News

Arestasyon Fondatè Pwogram Anti-Viris McAfee a nan Gwatemala


Nan peyi Gwatemala , Lapolis arete antreprenè ameriken nan domèn teknoloji John McAfee ki t ap chèche antre nan peyi a ilegalman pou l pa reponn kesyon lajistis nan Belize sou lanmò yon vwazen l.

Minis enteryè gwatemaltèk la Mauricio Lopez Bonilla presize yo mete men sou McCafee nan Gwatemala City e yo kenbe l nan yon rezidans depatman imigrasyon. McFee ki gen 67 tan te kouri kite Belize apre yon fiziyad ki te fèt sa pa gen lontan la a sou ameriken Gregory Faull. McAfee antre Gwatemala nan kòmansman semèn nan e li te anonse l ap chèche jwen azil politik nan peyi sid-ameriken an. Teknisyen ameriken an di lavi l ap an danje si yo voye l retounen nan peyi Beliz. Mesye MCFee di: “Mwen gen 5 kan depi map viv trankilman nan Beliz .

Sa gen 7 mwa gouvènman Beliz la te voye lakay mwen 42 sòlda ame. You touye youn nan chyenm yo , kraze kay mwen, vòlè bagay mwen e mete menòt nan menm pandan 14 zè. Yo lage m nan prizon e se sèlman apre entèvansyon anbasad amerikèn yo te lage m . E depi lè sa a gouvènman pa sispann banm presyon ; yo eseye lage sou do m yon pakèt akizasyon pamiyo krim e yo repwoche m kòmkwa mwen ta gen laboratwa antibyotik e yo di mwen pa gen bon papye pou konpayi m.

E dènye akizasyon an gen rapò ak asasinay yon vwazen m” McAfee di ankò li genyen bon jan dokiman ki montre koripsyon ki genyen nan tout nivo la polis ak gouvènman an . Otorite yo nan Beliz rejte tout akizasyon mesye McAfee a .Gwatemala kapab retounen McAfee retounen nan Beliz jedi 6 desanm nan. McAfee te fè yon gwo fòtin apre li te mete sou pye yon pwogram lojisyèl anti-virus ki pote non l.
XS
SM
MD
LG