Accessibility links

Breaking News

Filipinn : 325 Moun Disparèt apre Pasaj Tiphon Bopha


Nan Filipinn travayè sekou yo toujou ap chache sivivan e yap prese pote asistans bay plizyè milye moun ki lage san kay pou yo rete nan sud peyi a; apre yon gwo typhon touye omwen 325 moun e plizyè santèn lot disparèt.

Sivivan yo ap chache manb fanmiy yo ki disparét nan mitan labou, kadav ak lòt debri ki rete nan kay yo tifon Bopha a kraze rap ye tè.

Gen anpil zòn ki toujou inaksesib akoz wout yo ki kraze pon yo ki detwi e gen blackawout siklon ki touché tè madi ki pase a pwovoke.

Siklòn sa-a pote ak li gwo vouvari van ak lapli. Otorite yo ap chache 379 moun ki pa reponn a lapèl e yap travay pou yo bay abri pwovizwa pou apeprè 180 mil moun ki rete tanporèman nan lekò yo ak nan bilding leta yo.
XS
SM
MD
LG