Accessibility links

Breaking News

To Enfeksyon ak Viris VIH ki bay SIDA a Bese Plis Pase 50 % Nan 25 Peyi


Nan kad jounen entènasyonal SIDA a premye desanm nan pou ane 2012 la , gen anpil konsiderasyon ak refleksyon kap fèt sou evolisyon maladi a atravè lemond.

ONUSIDA anonse li anrejistre yon bès plis pase 50 pousan nan to enfeksyon ak viris VIH ki bay maladi SIDA a nan 25 peyi. Kantite moun ki gen aksè ak tretman anti-retwoviral ogmante pou rive 63 pousan pandan 24 dènye mwa yo, e kantite moun ki mouri nan le mond antye ak konplikasyon ki gen rapò ak SIDA a diminye pou depase 25 pou san, sòti nan ane 2005 pou rive nan lane 2011.

Menm nan rejyon Afrik anba Sahara, rejyon ki pi afekte anba epidemi an , gen yon rediksyon nouvo ka enfeksyon yo .

Direktè egzekitif L’ONUSIDA-a, Michel Sidibe, di: "Rithm pwogrè a ap akselere e y ap elaji e entansifye efò yo pi vit toujou, yon fason pi enteliijan pase anvan. Sa pwouve avek volonte politik e ak pousuit aksyon nou yo pou yo ka atènn objektif nou yo disi ane 2015."

Daprè rapò-a, tretman anti-retwoviral yo se yon zouti efikas pou sove la vi kretyen vivan. Nan 24 dènye mwa yo, kantite moun ki gen aksè a yon tretman anti-retwoviral ogmante a 63 pou san nan nivo mondyal .

Menm anba Sahara Afriken gen 2 milyon 300 mil moun ki gen aksè a tretman---yon rekò selon dokiman an. Pou ane pase sèllman, La Chin ogmante nan preske 50 pou san kantite moun kap swiv trètman kont virus VIH la.

Nan peyi d’Ayiti, nou konnen gen anpil pwogrè ki fèt nan domèn prevansyon an, sepandan toujou gen anpil kè sote pou stigmatisyon, la wont, tankou sekretè deta ameriken Hillary Clinton di li ke lakòz moun ki gen sida gen laperèz pou yo revele y ap soufri ak maladi a ou al chache konnen si yo gen sida.

Kote yo konstate plis pwogrè ankò nan lit kont viris ki bay Sida a, se lakay ti moun yo kote rediksyon ka enfeksyon bese anpil. Pandan 2 dènye ane yo yo anrejistre nan nivo mondyal yon gwo diminisyon lakay ti moun ki fèk fèt yo.

Direktè Egzekitif pwogram ONUSIDA a, Michel Sidibe di li gen anpil konfyans y ap atenn objektif « zero to enfeksyon lakay ti moun ki fèk fèt yo».

Ayiti reyalize anpil pwogrè nan lut kont sida men rete anpil efò pou Ayiti fè toujou pou derasinen maladi a. E pou’n repete Michel Sidibe, nan lit kont virus VIH la ak maladi Sida a, Onusida sòti nan dezespwa pou’l tonbe espwa.
XS
SM
MD
LG