Accessibility links

Breaking News

Nouvo Jounen Manifestasyon Nan vil Lekèr apre yon Komisyon Apwouve Pwojè Konstitisyon an


Gwo manifestasyon kontinye pou yon 8e jou youn apre lòt sou plas Tahrir nan kapital egypsyèn nan, Lekèr, nan moman yon komisyon ki gen islamis pou pifò ladan--- apwouve pwojè konstitusyon an ke pèp egypsyen, pita, va genyen pou l apwouve ou voye jete nan yon referandòm ki dwe dewoule atravè tout peyi a.

Komisyon sa a / ke anpil manm kretyen ak liberal boykote / kenbe lwa islamik la kòm prensipal baz dokiman an.

Gwoup la prese apwouve 234 atik dokiman an nan yon rankont ki te komanse jedi apre midi e ki te dire jiska nan douvan jou vandredi 30 novanm nan.

Asanble prese vote dokiman an anvan dimanch kap vini an ki se jou pi gwo enstans lajistis Ejipt la dwe deside si wi ou non lap disoud komisyon a.

Nan jou ki sòt pase yo, apeprè 30 manb kretyen ak liberal te abandone « asanble konstityant la » pou pwoteste kont « kidnaping » yo estime islamis k ap soutni prezidan Mohammed Morsi yo fè sou konstityant lan.
XS
SM
MD
LG