Accessibility links

Breaking News

Tokio - Japon: Zanmi Siri yo Diskite Adopsyon Plis Sanksyon Ekonomik Kont Rejim Siryen an


Diplomat plis pase 60 peyi reyini nan vil Tokyo, Japon, pou yon rankont peyi « Zanmi Siri yo » e diskite sou adopsyon nouvo sanksyon ekonomik ak lòt mezi pou mete fren nan vyolans kap sakaje Siri a.

Plizyè dizèn milye moun deja pèdi lavi yo depi leve-kanpe kont prezidan siryen an, Bashar al-Assad.

Minis afè etranjè japonè a, Koichiro Gemba, ki òganize rankont sa a, di: "li espere diskisyon sa a pral voye yon mesaj politik solid pou fè konnen opozisyon siryèn nan gen apui entènasyonal… e y’ ap tann ak enpasyans (diplomat peyi sa yo) fen rejim prezidan Assad la."

Reyinyon sa a, kap dire yon jou, se senkyèm reinyon nan tip sa a e se premye rasanbleman Zanmi Siri yo ki dewoule sou kontinan Azyatik la.

Pami Peyi ak òganizasyon k ap patisipe nan chita pale a gen Etazini, Inyon Ewòp ak Lig Arab la.
XS
SM
MD
LG