Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini: Pwogram Planing Familial Kapab Ede Ekonomi Peyi Sou-Devlope yo


Children jump rope at the Tudor Shaft squatter settlement near Randfontein, west of Johannesburg, South Africa, January 26, 2011.
Children jump rope at the Tudor Shaft squatter settlement near Randfontein, west of Johannesburg, South Africa, January 26, 2011.
Yon nouvo rapò Fon Nasyonzini pou Popilasyon Mondyal la dekouvri ke lè plis moun ka jwenn pwogram planing familial, sa kapab ede peyi sou-devlope yo ekonomize plis pase 11 milya dola chak ane.

Selon rapò a 222 milyon fi nan peyi sa yo pa ka jwenn sèvis nan pwogram ki vize ede yo kontwole kantite pitit yo fè. Rapò a di yon envestisman 4 milya dola chak ane ap pèmèt yo jwenn enfòmasyon nesesè pou ede yo pwoteje lavi yo epi tonbe ansent lè yo pi pito ak lè yo kapab.

Selon ajans nasyonzini an, pwogram planning familyal bay bon rezilta nan peyi rich ewopeyen ak nò-ameriken kontrèman ak nan peyi sou devlope yo.

Diane Stewart, Direktè Enfòmasyon Pwogram Nasyonzini pou Popilasyon Mondyal la ak relasyon eksteryè, di yon tyè popilasyon nan peyi ki gen ekonomi avanse-yo sou kontinan Azi a patisipe nan pwogram planning familyal. Selon responsab la, popilasyon peyi sa yo gen plis mwayen ekonomik, yo pi an santé e yo viv pi lontan.

Rapò a dekouvri tou rejyon anba Sahara Afriken vini byen dèyè rès mond-la nan sèvis planning Familyal la. Pwogram kontraseptif mondèn pa vrèman disponib nan peyi tankou Chad ak Nijer.

Ajans Òganizasyon Nasyonzini an di planning familyal ede retire peyi yo nan mizè. Yon etid ki parèt sa pa gen lontan predi ekonomi Nijerya a kapab ogmante pou l rive jiska 30 milya dola pou pipiti si chak fi aksepte fè yon grenn timoun nan 20 ane k ap vini yo.

Rapò a di yon envestisman anviwon 1 milya 800 milyon dola chak ane kapab nesesè pou distribye prezèvatif bay popilasyon nan peyi sou devlope yo. Diane Stewart site baryè sosyal, politik ak legal kòm gwo andikap pou pwogram planning familyal nan peyi sa yo.

Nan kilti plizyè peyi, medam yo ankouraje fè anpil pitit, e konsa yo evite ou byen prèske pa sèvi ak prezèvatif. Diane Stewart di planning familyal se yon defi mondyal ki pa ekziste sèlman nan peyi sou-devlope yo.

Pwogram sa a pèmèt medam yo planifye kantite manm ke yo vle gen nan fanmi an epi ki valè tan ki dwe separe nesans timoun yo.
XS
SM
MD
LG