Accessibility links

Breaking News

Dosye Atak sou Benngazi – Pozisyon Anbasadris Susan Rice


Ambasadris Susan Rice, chèf misyon diplomatik Lèzetazini an nan Nasyon Zini. (Foto achiv)
Ambasadris Susan Rice, chèf misyon diplomatik Lèzetazini an nan Nasyon Zini. (Foto achiv)
Pi gwo diplomat Lèzetazini nan Oganizasyon Nasyon Zini, Anbasadris Susan Rice, defann fason li te jere dosye atak militan te lanse sou konsila ameriken an nan Benngazi, nan lès Libi –atak kote 4 diplomat ameriken te mouri, pami yo te genyen anbasadè Christopher Stevens.

Anbasadris Rice di li te sèvi ak enfòmasyon sèvis sekrè te ba li pou l te fè kèk deklarasyon devan Kongrè a ak laprès sou atak la –deklarasyon kote li te fè konnen sa k te rive nan Benghazi a, sete rezilta yon mouvman ki pat prepare davans e ki te devlope bridsoukou kòm yon reyaksyon kont yon film ki fèt Ozetazini e ki pase Pwofèt Mawomè nan betiz (Mawomè reprezante pou Mizilman yo sa Jezi Kri reprezante pou Kretyen yo). Aprè sa, administrasyon Obama a te vin rekonèt sete yon atak teworis. Semèn sa a, Madam Rice eseye reponn kèk kesyon ki rete poze sou afè sa a. Anbasadris la di:

« Lè m tap pale de atak ki te fèt sou lokal nou yo nan Benngazi, mwen te repoze m sèlman e totalman sou enfòmasyon sèvis sekrè a te mete a la dispozision m. Mwen te pale klè pou m di sete enfòmasyon preliminè sèlman, e nou tap kontinye mennen ankèt pou n konnen repons final la sou kesyon an. Tout moun, e espesyalman otorite yo nan sèvis sekrè a, travay ak tout bòn fwa pou yo te jwenn pi bon evalyasyon posib sou sitiyasyon an, daprè enfòmasyon ki te disponib yo. »

Semèn pase a, anpil manm kongrè ameriken an --pami yo gen senatè Eta Arizona a, John McCain, te akize Anbasadris Rice deske li te fè deklarasyon n yo tout eksprè pou li te bay Kongrè a manti ; e Misye McCain se youn nan palmantè ki pale kareman pou di, si Prezidan Obama soumèt kandidati Madam Rice pou plas Sekretè Deta a nan pwochen manda l la kap kòmanse an janvye 2013, li se youn nan senatè ki pral kanpe ankwa sou wout Madam Rice pou anpeche li jwenn konfimasyon Kongrè a.
XS
SM
MD
LG