Accessibility links

Breaking News

Siri: Lafrans Rekonèt Nouvo Kowalisyon Opozisyon an


Lafrans tounen premye peyi ki rekonèt opozisyon inifye ki fèk fòme kont gouvènman prezidan siryen an, Bashar al-Assad.

Prezidan fransè a, François Hollande, ki t ap abòde dosye a madi 13 novanm nan, fè konnen li konsidere kowalisyon inifye rebèl ki fèk fòme a kòm sèl reprezantan lejitim pèp siryen an ak gouvènman ki gen pou fòme nan lavni nan yon Siri demokratik.

Misye Hollande kontinye pou l di Lafrans pral konsidere kesyon pou konnen eske li ka vann rebèl yo zam, yon fwa nouvo kowalisyon an va fòme yon gouvènman tranzisyon.

Lèzetazini ak Lewòp gen lontan deja depi yap ezite mete zam nan men rebèl siryen yo, paske yo te wè twòp divizyon nan mitan rebèl sa yo.

An menm tan tou, yo pè pou zam yo pa tonbe nan men militan islamik. Dimanch 11 novanm pase a, divès manm opozisyon siryèn nan ki te reyini nan vil Doha, nan Katar, te fòme yon nouvo kowalisyon ki la pou inifye diferan gwoup kap goumen pou jete gouvènman Prezidan Assad la. 6 eta manm Konsèy Kowoperason Gòlf la pat pran tan pou yo rekonèt kowalisyon rebèl sa a lendi 12 novanm nan.
XS
SM
MD
LG