Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Peyi Ajantin


Ann Ajantinn, plizyè milye moun pran lari nan pliyè vil atravè peyi a, nan sware jedi 8 novanm 2012 la, pou yo pwoteste e mande gouvènman an respekte dwa sitwayen yo e ba yo plis pwoteksyon.

Nan kapital la, Buenos Aires, manifestan yo bat tanbou ak kaswòl pandan yo tap di yo pa kontan ak politik gouvènman Prezidan Cristina Fernandez de Kirchner la.

Yon manifestan ki mande pou Lavwadlamerik rele li tou senpleman Roberto, pale pou l di :
" Mwen pa santi gouvènman an rekonèt dwa nou kòm sitwayen. Akoz sekirite ki pa genyen nan peyi a, mwen deja pèdi yon pitit-gason; epi yon maten, sanzatann mwen te twouve m devan yon moun ki te pwente yon revolvè nan figi m. Mwen tande diskou, mwen tande deklarasyon; men yo pa eksplike nou kisa yap fè pou pèp la."

Nan yon diskou Prezidan Cristina Fernandez fè jedi, li pa okipe l de manifestan yo; olye de sa, li defann politik gouvènman n nan, yon politik ki gen ladan n, antwòt, efò li te deplwaye pou anpeche peyi Ajantin fè fayit ekonomik pandan kriz finansye ane 2009 la
XS
SM
MD
LG