Accessibility links

Breaking News

Siri: Asasina Frè Prezidan Chanm Palman Peyi a


Televizyon leta a rapòte asasina frè prezidan chanm palman peyi a. Ajans Nouvèl Sana a fè konnen Mohammed Osama Laham, frè prezidan palman an Jihad Laham mouri anba bal pandan li t ap kondi pou l al nan travay li nan kapital la Damas.

Fuziyad sa a fèt aprè kèk gwo batay feròs ke Siri pa janm wè anvan.Lendi 5 novanm nan, yon gwoup militan te di yon machin pyeje touye plis pase 50 moun sòlda siryen ak nèg ak zam ki lwayal anvè prezidan Bashar al Assad nan pwovens Hama ki nan sant peyi a.

Obsèvatwa siryen pou dwazimen ki gen baz li nan vil Lond nan la Grand’Bretay di atak nan vilaj Ziyara se fwon Al-Nusra a, yon gwoup militant islamis ki enspire pa al-Qaida.

Pèsonn pako ka verifye kantite moun ki mouri nan atak sa a.
XS
SM
MD
LG