Responsab sèvis sekrè ameriken an pibliye detay sou atak ki te fèt, nan dat 11 septanm pase a, sou konsila Lèzetazini nan vil Benghazi, nan pati lès Libi, kote 4 diplomat ameriken te mouri –pami yo anbasadè Stephen Christopher.
Piblikasyon detay sa yo se yon repons pou akizasyon ki di responsab sekirite misyon diplomatik e konsilè Lèzetazini yo pat fè efò ase pou yo anpeche atak la.
Otorite nan CIA (sèvis ransèyman ameriken an), ki pale sou dosye a jedi premye novanm nan a kondisyon pou non yo pa site, fè konnen yo te tabli yon misyon sovtaj nan yon baz ki tou prè konsila a, anviwon 25 minit aprè yo te resevwa nouvèl sou atak la.
Sepandan, menm sous la di 6 manm misyon an te rive sou plas 25 minit aprè atak la te fini; youn nan rezon reta sa a, se le fèt ke yo pat rive jwenn asistans milis liibyen yo ki te genyen gwo zam lou nan men yo, mete sou le fèt ke enkoni te ouvè koutzam sou ajan yo pandan yo tap pwoche bò lokal konsila a.
Daprè kèk nouvèl, ekip CIA a te rete nan konsila a pandan 1 nèdtan anvan li te sòti ak tout sitwayen ameriken ki te nan lokal la, eksepte Anbasadè Christopher ke yo te deja transpòte nan yon lopital ki te tou prè a.
CIA deja demanti nouvèl ki fè konnen ajan li yo te resevwa lòd pou yo pat pase alaksyon, alòske yo te dispoze lanse yon kontratak a pati de yon baz ki tou prè konsila a.
Sepandan, anpil presyon fèt sou ajans la pou l bay plis enfòmasyon sou atak sa a ki te dire tout yon nuit e ki tounen youn nan tèm kanpay prezidansyèl la Ozetazini.