Accessibility links

Breaking News

Apre yon Kanpe 3 Jou, Kanpay Prezidansyèl la ap Rekòmanse Ozetazini


Nan moman rete apèn 5 jou pou eleksyon prezidanyèl la dewoule Ozetazini, Prezidan Barack Obam pral rekòmanse mennen kanpay jedi premye novanm nan pou yon 2èm manda, aprè li fin pase kèk jou ap sipèvize efò gouvènman federal la ap fè pou l jere sitiyasyon malouk ki prezante nan eta kote siklòn Sandy fè viktim ak dega nan peyi a.

Se konsa, Misye Obama prale nan kèk nan eta kote espesyalis yo panse vrè batay elektoral la ap dewoule, sètadi eta ki pral deside, ant li menm ak kandida repibliken an, Mitt Romney, kilès ki pral jwenn 270 vòt elektoral ki nesesè pou li ranpòte eleksyon 6 novanm nan.

Eta Prezidan Obama pral vizite nan jounen jedi a, se Wisconsin, Nevada, ak Kolorado. Si Prezidan Obama te pran yon poz nan kanpay la pou l konsantre atansyon n sou efò pou pote sekou ak asistans bay eta ke siklòn Sandy frape yo, Misye Romney, li-menm, te pase yon bon tan tou ap lanse apèl bay ameriken yo pou li mande yo pote asistans yo, pote tout kalte don, bay sinistre yo.

Nan menm jounen jedi a, ansyen gouvènè eta Massachusetts la pral mennen kanpay nan Vijini, yon lòt eta ki pral jwe yon wòl enpòtan nan eleksyon madi pwochen an.

Dènye sondaj yo montre kous la sere anpil-anpil sou plan nasyonal la. Sepandan Prezidan Obama genyen yon avans tou mens nan eta kote vòt majorite elektè yo kapab fè balans la panche nan yon sans oubyen nan yon lòt.




.
XS
SM
MD
LG