Accessibility links

Breaking News

Etazini - Eleksyon: Kous la Trè Sere ant Obama ak Romney


Ozetazini, Prezidan Barack Obama ap pran yon poz nan kanpay elektoral la pandan opozan repibliken n nan, Mitt Romney, gen pou l prezante sa pwòch kolaboratè li yo konsidere kòm yon gwo diskou sou sitiyasyon ekonomik peyi a.

Daprè youn nan responsab kanpay Misye Romney an, kandida repibliken an pral fè diskou sa a nan Eta Iowa (yon eta kote majorite elektora a abitye vote pou nenpot nan 2 pati yo), e kote rival Prezidan Obama pral mete devan pèp la mesaj final li pou kanpay la. Se yon mesaj kote Mitt Romney gen pou l bay detay sou diferans ki egziste ant li menm avèk prezidan an pou sa ki konsène politik ekonomik 2 kandida yo.

Kantapou Prezidan Obama, li mete fen nan yon toune atravè peyi a ki te dire 40 èdtan e ki te mennen li, antwòt, nan Eta Ohio kote nou jwenn youn nan pi gwo endistri otomobil Ozetazini. Misye Obama di:

“Rival nou an te pran pozisyon, e li te menm ekri pou l di, nou te dwe kite endistri otomobil la fè fayit; nou menm, nou pran tout dispozisyon pou nou sove endistri a. Moun Ohio yo pap bliye sa. "

Pou jounen vandredi 26 oktòb la, Prezidan Obama ap pase pi fò tan li nan La Mezon Blanch kote li pral bay laprès divès entèvyou. Dènye sondaj dopinyon yo montre kounyela a kous prezidansyèl la trè sere, nan moman rete yon semèn ak 3 jou pou eleksyon an dewoule

Nan dat jedi 25 oktòb la, misye Obama tounen premye prezidan nan tout istwa Lèzetazini ki depoze sa yo rele « yon bilten anvan lè » pou l vote. Li fè sa nan vil Chicago, Eta Ilinwa, kote lafanmi Obama genyen rezidans prive li.

Se konsa tou, prezidan an resevwa andòsman ansyen sekretè deta Colin Powell, ki fè konpliman pou politik misye Obama mennen pandan li sou pouvwa a --politik kote, antwot, daprè misye Powell, li byen jere 2 lagè (youn nan Irak, youn nan Afganistan).

Ansyen jeneral Powell, ki se yon repibliken, te apiye kandidati Barack Obama tou nan eleksyon prezidansyèl 2008 la.
XS
SM
MD
LG