Accessibility links

Breaking News

Siri: Seselfe Tanporè nan Okazyon Fèt Mizilman Eid al-Adha


Nan peyi Siri, nouvèl yo fè konnen yon seselfe lame ak rebèl yo ap obsève nan okazyon yon fèt relijye mizilman enpòtan (an palan de yon Fèt ki rele Eid al-Adha), antre an efè; men militan yo rapòte kèk konfwontasyon ant 2 kan yo.

Obsèvatwa Siryen pou dwa moun nan –ki gen baz li nan vil Lond, an Angletè— fè konnen lese-frape ant fòs gouvènmantal yo ak militan rebèl yo te kontinye nan pwovens Idlib aprè lapriyè maten 26 oktòb la. Sa rive aprè 2 kan yo te dakò pou yo obsève yon seselfe tanporè. Daprè militan yo, nan batay sa a chak nan 2 gwoup yo ap eseye pran kontwòl yon baz militè ki nan vil Walid al-Dayif

Daprè menm sous la toujou, nan katye Harasta, ki nan kapital la, Damas, 3 moun mouri anba atak lame lanse ak tank epi anba kout-zam fran tirè rebel yo. Yon lòt kote, nan pwovens Daraa, ki nan peyi sid peyi a, 3 moun blese anba bal fòs sekirite yo ki te ouvè koutzam sou yon gwoup moun ki t ap manifeste kont gouvènman an.

Pandansetan, prezidan siryen an, Bashar al-Assad, parèt nan televizyon, ansanm avèk yon gwo foul fidèl, k ap prepare pou yo make kòmansman fèt sakre mizilman an.
XS
SM
MD
LG