Accessibility links

Breaking News

Siri: Gouvènman an ap pran yon Selselfe pou Eid al-Adha, yon fèt Mizilman


Gouvènman siryen an gen pou l anonse desizyon li pran pou l patisipe nan yon seselfe pandan fèt mizilman an Eid al-Adha k ap komanse aswè a.

Ministè afè etranjè siryen an fè konnen gouvènman an te toujou ap balanse pou l konnen si wi ou non l ap patisipe nan trèv sa a.

Komantè sa yo fèt apre anvwaye Nasyonzini ak Lig arab la, Lakhdar Brahimi, te fè yon anons pou di Siri ak kèk gwoup rebèl ki kont prezidan Bashar al-Assad aksepte pou yo mete fren nan batay yo pandan fèt la.

Msye Brahimi di li espere yon seselfe pandan plizyè jou pral debouche sou yon trèv pi long nan kad yon pwosesis politik.

Emisè entènasyonal di Konsèy Sekirite Nasyonzini an pa gen yon solisyon rapid nan lit sa a e li bay avètisman pou di si yo pa rive mete fren nan vyolans ; sa ka agrave konfli a ki deja gen 19 mwa e li ka gaye nan lòt peyi yo.
XS
SM
MD
LG