Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Tokyo a ap Bay Demisyon l


Gouvènè Tokyo a, Shintaro Ishihara, ki pa janm mete dlo nan bouch li pou pale sou nasyonalis ki souvan fè vwazen la Chin yo fache deklare li ap bay demisyon l pou l fòme yon nouvo pati politik anvan eleksyon jeneral ki gen pou dewoule nan peyi a.

Ishihara di nan yon konferans pou laprès, li gen pwojè pou l poze kandidati li pou yon pòs nan palman an, nan eleksyon jeneral yo ki dwe fèt pandan mwa Out la.

Li te yon palmantè pou Pati Liberal demokratik la, anvan li te pase preske 14 zan kòm gouvènè pi gran vil Japonè a, Tokyo.

Shintaro Ishihara ki gen 80 zan se yon politisyen konu pou pwen ‘d vu politik ekstrèm dwat li yo, pami yo opozisyon ni konstitisyon pasifis Japon pandan peryòd dezyèm gè mondyal la.
XS
SM
MD
LG