Yon gwoup dwazimen siryen fè konnen avyon konba gouvènman an atake yon vil stratejik nan nò peyi a ki anba men rebèl yo nan dènye echèk efò entènasyonal pou asire yon seselfe pandan fèt mizilman an k ap kòmanse nan wiken sa a.
Obsèvatwa siryen pou dwazimen an ki gen baz li nan la Grand Bretay di atak ayeryen madi 23 oktòb la te vize Maaret al-Numan, yon baz rebèl yo te sezi nan kòmansman mwa sa a. Sa a te vinn koupe yon otowout ki te konn mennen nan kapital la Damas ak nan sant finansye an nan Nò Siri, an palan de vil Alèp.
Obsèvatwa a di tou rebèl siryen yo tea take fòs gouvènman an ki te nan yon baz militè ki anba kontwòl rebèl yo pandan plizyè jou.