Accessibility links

Breaking News

Larisi: Arestasyon Yon Dezyèm Militan Opozisyon an


Anketè Ris yo di yo arete yon dezyèm militan opozisyon nan yon operasyon yo te lanse kont opozan Prezidan Vladimir Putin yo, aprè militant an te ran tèt li.

Nan yon deklarasyon Komite envestigasyon Larisi a fè parèt , li fè konnen Leonid Razvozzhayev yon vis asistan opozisyon an te admèt li te mele nan òganizasyon manifestasyon de mass nan Larisi e li te patisipe nan dezòd ki te fèt mwa me nan Moskou.

Men fanatik militan an di yo te kidnape l nan Ukraine kote li te ale pou l aplike pou yon stati refijye.

Yon videyo ki poste sou sit Web LifeNews montre Razvozzhayev t ap rele sou jounalis yo aprè arestasyon li dimanch ki sot pase la a , li di yo te maltrete li e yo te vòlè li nan Ukraine.
XS
SM
MD
LG