Accessibility links

Breaking News

Chin: Ekonomi an Ogmante a 7,4%


IMF-Global Economy
IMF-Global Economy
Nan peyi la Chin Ekonomi an ogmante a 7,4 pou san nan 3 zyèm trimès, sa ki pa atenn objektif gouvènman an , ekonomi an ralanti a yon to kwasans ki pi ba depi kriz finansye mondyal la.

Chif sa yo biwo statistik nasyonal pibliye a reprezante 7 tyèm trimès youn dèyè lòt pou dezyèm pi gwo ekonomi mondyal la.

Malgre kwasans 7,4 pousan sa a reprezante yon kwasans djanm nan anpil peyi ki frape anba resesyon an.

Chif sa a ba anpil pou la Chin ki an mwayenn konn gen yon kwasans anyèl de 10 pou san pandan plizyè lane.

Pòtpawòl Biwo statistik Nasyonal la, Shen Laiyun di Kriz finansyen mondyal la responsab an pati pou ralantisman sa a.
XS
SM
MD
LG