Manb Inyon Ewòp yo ap rankontre nan Brusèl pou yo diskite sou fason pou yo ranfòse ewo a k ap mache brete.
Almay gen pou l mete presyon pou Inyon Ewòp la jwe yon wòl nan ekonomi eta manb li yo, men l ap fè fas a opozisyon bò kote kèk eta manb ki retisan pou yo lage kontwòl finans yo.
Obsèvatè yo konsidere rankont sa a ki ap dire 2 jou kòm yon rankont ki gen anpil valè, men yo pa atann aske pral gen okèn gwo desizyon ki soti ladann.
Pandansetan, sitwayen grèk yo mete sou pye yon grèv jeneral, anplwaye yo sispann travay nan depatman transpò, lopital, biwo ak magazen.