Accessibility links

Breaking News

Japon: Lapolis Arete 2 Matlo Ameriken Sou Sispisyon Vyòl


La polis o Japon arete 2 matlo ameriken sou sispisyon vyòl sou yon fi japonè sou zile Okinawa, sa ki vin ogmante tansyon yo plis toujou sou prezans sòlda ameriken yo lòt-bò a.

Tokyo konvoke anbasadè Etazini John Roos e li depoze yon plent ofisyèl sou ensidan an ki daprè li rive byen bonè madi 16 oktòb la nan Okinawa.

Aprè rankont avèk gwo diplomat japonè yo, anbasadè Roos di Washington gen anpil kè sote sou ensidan an e li pral bay tout apwi li an ankèt k ap fèt sou ka a
XS
SM
MD
LG