Sekretè deta Etazini an, Hillary Clinton, pran sou responsabilite pou atak mòtèl ki te fèt sou konsila Etazini nan Libi mwa pase a, li di travay li se pran an chaj sekirite pou anplwaye depatman deta k ap travay atravè le mond.
Chèf diplomasi amerikèn nan di nan yon entèvyou li bay pandan yon vizit li t ap fè nan Pewou, Prezidan Barack Obama ak vis prezidan Joe Biden pa t ap konnen kèk desizyon presi pèsonel sekirite a pran.
Li di tou sikonstans ki antoure atak sa yo tankou atak 11 septanm ki te touye anbasadè Etazini nan Libi ak 3 lòt ameriken yo pat tèlman klè lè sa a.
Atak la ak repons administrasyon Obama a vin tounen yon sijè nan kanpay prezidansyèl la.
Kandida repibliken Mitt Romney kritike msye Obama poutèt li pat bay plis sekirite nan Konsila Etazini nan Benghazi a, nan peyi Libi.