Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Tifi 14 Zan Taliban Te Tire nan Tèt la gen yon Chans Poul l Refè Nèt


Pakistani hospital workers carry injured Malala Yousafzai, 14, on a stretcher at a hospital following an attack by gunmen in Mingora on October 9, 2012.
Pakistani hospital workers carry injured Malala Yousafzai, 14, on a stretcher at a hospital following an attack by gunmen in Mingora on October 9, 2012.
Medsen britanik k ap trete ti fi Pakistanè 14 zan –an ki Taliban te tire nan tèt ak nan kou semèn pase a di li gen yon chans pou l refè nèt.

Direktè medikal lopital rèn Elizabeth la, Dave Rosser di li ka pran omwen plizyè semèn tretman anvan pou Malala Yousafzai refè nèt.

Direktè a fè deklarasyon sa a yon ti tan aprè Malala te fin rive nan la Grand’Bretay abò yon anbilans ayeryen ki te soti nan yon lopital militè Pakistan.

Responsab lame Pakistanèz yo di yon gwoup medsen te rekòmanse pou yo transfere Malala Yousafzai nan yon lopital ki gen kapasite pou bay ti moun ki resevwa gwo blesi konsa, swen entegre.

Lopital Rèn Elizabeth la ki chita nan vil Birmingham nan sant la Grand’Bretay gen anpil eksperyans nan trete sòlda britanik ki sibi domaj nan lagè Afgan an.
XS
SM
MD
LG