Otorite yo nan Nigeria di kèk moun yo sispèk kòm vòlè te louvri kout zam devan yon moske nan nò peyi a; omwen 21 moun pèdi la vi yo .
Otorite yo di atak sa a fèt byen bonè dimanch 14 oktòb la nan vilaj Dogon Dawa nan eta Kaduna.
Yon sekouris ofisyèl ki abite tou prè a di Ajans Nouvel Asociated Press te gen apeprè 50 nèg ak zam ki te ansèkle vilaj la.
Pifò viktim yo sanble te soti nan Moske a aprè lapriyè matinal yo. Pèsonn pa pran responsabilite pou atak sa a.
Eta Kaduna divize ant Mizilman ak kretyen yo e gen anpil vyolans pou zafè relijyon ki dewoule nan mwa ki pase yo men otorite lokal yo di yo kwè atak sa a fèt an reprezay volè gang ame yo poutèt sa yo te pèdi akoz milisyen nan zon nan.